top of page

Kisa Nou Ye

Nou Pap Dòmi se yon rasanbleman ayisyen angaje k ap batay pou tabli yon Leta k ap osèvis popilasyon an. Nou se yon kolektif sitwayen k ap travay pou pèmèt sitwayen yo konn dwa yo ak devwa yo nan lavi politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan peyi a. 

 

Nou Pap Dòmi angaje li pou ede n pran wout yon lòt kalite sosyete nan peyi a, yon sosyete san fòs kote ki chita sou jistis sosyal, yon mannyè pou tout pitit nanchon an ka viv nan libète ak byennèt.

 

Nou Pap Dòmi ap milite pou otorite yo rete sou chimen lalwa, respekte prensip demokratik yo ki garanti yon sosyete san fòs kote.

Istorik

Nou Pap Dòmi rasanble premye fwa devan koudèkont 21 desanm 2018 nan yon aktivite ki rele Nou Pap Dòmi pou fè presyon sou koudèkont pou li bay rapò jesyon lajan fon petrocaribe a. Depi lè sa, n ap batay.

Misyon Nou

Nou Pap Dòmi se yon flanbo ki la pou fè wout pou yon lòt kalite sosyete nan peyi a, yon sosyete k ap chita sou jistis sosyal.

Objektif Nou

Objektif nou se rive tabli yon sosyete san fòs kote, yon mannyè pou tout pitit nanchon an ka viv nan libète ak byennèt.

Estrikti

Nou Pap Dòmi chita sou yon estrikti plat. Nou gen 5 komisyon ak yon komisyon k ap kowòdone travay komisyon yo. Desizyon pran nan Nou Pap Dòmi sou baz agimantasyon ak konsansis. Patisipasyon fanm ak gason dwe 50/50 nan estriktirasyon ak reprezantasyon yo.  

Valè Nou

Valè Nou Pap Dòmi chita sou disiplin ak respè chak manm dwe genyen youn pou lòt epi nan batay n ap mennen an, rigè nan travay n ap ofri popilasyon an, etik nan ajisman nou.

Liy ideyolojik ak politik nou chita sou maranday ant solidarite, diyite, libète ak byennèt.

bottom of page