top of page

Sitwayen pa dòmi

Enpak dirab pou apre pwojè a

Fiers de notre héritage haïtien.png

Pwojè “Sitwayen pa dòmi” se pa yon aksyon ki limite ak peryòd 2024-2026 sèlman. Nou Pap Dòmi ak patnè yo pran dispozisyon pou asire tout sa ki reyalize yo ap kontinye sèvi jèn yo ak kominote yo menm apre pwojè a fini.

Disponibilite materyèl yo sou entènèt

Tout kontni pedagojik ak odyovizyèl ki devlope pandan pwojè a (videyo, fich, liv gid, podcast, afich) ap mete sou:

  • Sit entènèt Nou Pap Dòmi

  • Platfòm rezo sosyal (Facebook, YouTube, TikTok, Instagram)

Sa ap pèmèt jèn, pwofesè, lekòl ak klèb jèn yo kontinye itilize materyèl yo pou fòmasyon ak sansibilizasyon, menm apre pwojè a fini.

Entegrasyon materyèl yo nan lekòl yo

Pwojè a prevwa pou:

  • Kolabore ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pou diskite sou posibilite entegre modil yo nan kourikoulòm “Edikasyon Sitwayèn” nasyonal la.

  • Travay ak lekòl yo ak direksyon depatmantal yo pou materyèl yo ka itilize kòm zouti aprantisaj pa pwofesè yo nan klas.

 

Lè materyèl yo antre nan sistèm edikasyon an, sa ap asire ke plis jenerasyon jèn ap resevwa fòmasyon sou:

  • Konbat koripsyon ak enpinite

  • Konnen dwa yo pou vote

  • Angaje yo nan lavi demokratik peyi a

 
Fòmasyon animatè ak klèb jèn yo
  • Animatè kominotè ki resevwa fòmasyon pandan pwojè a ap kontinye sèvi kòm resous nan kominote yo pou fè sansibilizasyon ak ede lòt jèn.

  • Klèb jèn yo ki te patisipe nan pwojè a ap kapab kontinye fè aktivite sansibilizasyon ak edikasyon sivik lokalman.

Enpak dirab nan kominote yo:

✅ Yon jenerasyon jèn ki konsyan de wòl yo nan konbat koripsyon..
✅ Yon jenerasyon ki konnen enpòtans eleksyon ak vòt yo.
✅ Yon jenerasyon ki pare pou angaje yo pou amelyore kominote yo ak peyi a.

Patnè ki akonpanye pwojè a

Sans titre.png
Logo_FNUD.jpg
  • Facebook
  • Instagram
  • TikTok
  • X
  • Les fils
  • Youtube
  • Soundcloud
  • LinkedIn
  • Chèn Whatsapp

© 2018 - 2026, Nou Pap Dòmi

bottom of page