top of page

Sa Nou Ye

Nou Pap Dòmi se yon rasanbleman ayisyen angaje k ap batay pou tabli yon Leta k ap osèvis popilasyon an. Nou se yon kolektif sitwayen k ap travay pou pèmèt sitwayen yo konn dwa yo ak devwa yo nan lavi politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl nan peyi a. 

 

Nou Pap Dòmi angaje li pou ede n pran wout yon lòt kalite sosyete nan peyi a, yon sosyete san fòs kote ki chita sou jistis sosyal, yon mannyè pou tout pitit nanchon an ka viv nan libète ak byennèt.

 

Nou Pap Dòmi ap milite pou otorite yo rete sou chimen lalwa, respekte prensip demokratik yo ki garanti yon sosyete san fòs kote.

bottom of page