top of page

2020

Ripti

Angajman

Jistis

Mas 2020

• 2 mas, Nou Pap Dòmi te pataje yon videyo pou ede popilasyon an prepare l devan Kowonaviris ki ka rive devant pòt li nenpòt kilè.

• 21 mas 2020, Nou Nou Pap Dòmi te òganize yon wèbinè (Live) pou yon chita pale sou Corona virus sou paj Facebook li an.

 

Me 2020

• 21 me, Nou Pap Dòmi mete ansanm pou kanpe yon mouvman tèt kole sou non Inisyativ Vijilans ak Solidarite Sitwayen. Inisyativ sa a kreye akoz kè sote nou genyen sou jesyon kriz kowonaviris la nan lide pou aji, veye, epi pwopoze, nan moman peyi a t ap fè fas kare ak kriz pandemi k ap sakaje mond lan. 

 

• 23 me, Nou Pap Dòmi lanse yon kanpay ak afich divès kote nan rejyon metwopolitèn nan pou koudèkont pran responsabilite l nan pibliye 3è rapò Petrocaribe.  

Jen 2020

• 13 jen, Nou Pap Dòmi adrese yon lèt tou louvri bay Anbasadè Ameriken Michele Sison nan kad afè George Floyd. 

 

• 29 jen, Nou Pap Dòmi lanse yon 1e Sit-in pou Lavi devan Ministè Jistis nan kad batay pou Lavi pou denonse ensekirite k ap vale teren nan peyi a.  

 

Jiyè 2020

• 6 jiyè, Nou Pap Dòmi lanse yon 2zyèm Sit-in pou Lavi devan Ministè Jistis nan kad batay pou Lavi pou denonse ensekirite k ap vale teren nan peyi a.  

 

• 22 jiyè, Nou Pap Dòmi te adrese yon lèt tou louvri bay Antonio Gutteres, Sekretè Jeneral ONI pou denonse konpòtman pwo-konsil Helen La Lime nan tèt BINUH epi ekzije ranplasman l. 

 

Dawout 2020

• 24 dawout, Inisyativ Vijilans ak Solidarite Sitwayen bay yon konferans pou laprès pou diskite sou aspè premye bilten selil vijilans lan sou gouvènans fon ki te alwe ak Covid-19 rive jis nan mwa jiyè 2020. 

bottom of page