Sitwayen Pa Dòmi se yon pwojè ki fè pwomosyon patisipasyon jèn gras ak edikasyon sivik epi angajman ann Ayiti. Li vize edike jèn ayisyen pou yo ka vin sitwayen ki angaje yo nan lit kont koripsyon ak enpinite ann Ayiti.

Objektif Sitwayen pa dòmi
Objektif yo se aprann jèn yo idantifye mekanis koripsyon yo ak enpak yo sou sosyete a, pou yo konprann epi egzèse dwa yo pou vote yon fason enfòme, epi pou sansibilize kominote yo a atravè zouti edikatif ak kreyatif.

Nan kad pwojè Sitwayen pa dòmi, plizyè aktivite pral reyalize, tankou:
✅ Atelye sansibilizasyon ak fòmasyon pou jèn 15-18 lane sou kijan pou yo rekonèt mekanis koripsyon ak enpinite nan lavi chak jou yo.
-
Y ap itilize zouti, fich edikasyon ak videyo, epi y ap òganize konkou atistik ak deba piblik sou sijè sa yo.
✅ Atelye fòmasyon pou jèn 18-24 lane sou pwosesis elektoral la ak dwa pou vote, pou yo ka konprann etap eleksyon yo epi konnen kijan pou yo itilize dwa sa a nan respè ak disiplin.
-
Y ap gen konkou atistik ak deba sou dwa pou vote tou.
✅ Mete kanpe yon kanpay sansibilizasyon dijital ak radyo pou 15-24 lane, kote y ap fè videyo, afich, podcast ak lòt materyèl pou sansibilize jèn yo sou koripsyon, dwa pou vote ak enpòtans eleksyon yo.
✅ Fòme 24 animatè kominotè ki pral anime atilye yo ak deba yo nan lekòl, inivèsite ak klèb jèn yo nan depatman Lwès ak Sant, an kolaborasyon ak Òganizasyon Nègès Mawon pou favorize patisipasyon jèn fi yo.
✅ Travay ak Ministè Edikasyon Nasyonal pou entegre materyèl yo nan kourikoulòm « Edikasyon Sitwayèn » pou asire pwojè a dire sou tan, epi mete materyèl yo sou entènèt pou jèn yo ak pwofesè yo ka itilize yo menm apre pwojè a fini.
✅ Asire swivi ak evalyasyon regilye pou mezire rezilta yo ak enpak pwojè a sou konpòtman ak patisipasyon jèn yo nan lavi demokratik peyi a.
Patnè ki akonpanye pwojè a

