Sitwayen pa dòmi
Benefis pou jèn yo

Pwojè “Pwomosyon Patisipasyon Jèn yo atravè Edikasyon Sivik ak Angajman” la pote avantaj dirèk pou tout jèn ki patisipe, pou yo vin aktè chanjman nan lavi yo, nan kominote yo ak nan peyi a.
Konnen dwa pou vote yo ak kijan pou patisipe nan eleksyon yo
Jèn yo pral:
-
Aprann sou etap pwosesis elektoral la, depi anrejistreman pou vote rive nan jounen eleksyon.
-
Konnen kijan pou yo enskri pou vote ak kondisyon ki nesesè.
-
Konprann enpòtans vòt yo pou lavni yo ak lavni peyi a.
-
Aprann kijan pou yo pran desizyon enfòme lè y ap chwazi kandida ki respekte valè onètete ak devlopman kominote a.
Fè vwa yo tande atravè atizay, deba ak medya sosyal
Pwojè a ap kreye opòtinite pou jèn yo:
-
Patwone konkou atistik (dese, pwezi, rap, teyat, videyo) pou pèmèt yo eksprime refleksyon yo sou koripsyon ak dwa pou vote.
-
Patisipe nan deba piblik kote yo ka defann ide yo epi aprann diskite nan respè.
-
Itilize rezo sosyal pou fè pase mesaj sou angajman sitwayen ak mobilize lòt jèn pou chanjman.
-
Fè vwa yo konte epi santi yo itil pou konstwi lavni yo.
Angaje yo pou chanje kominote yo ak peyi a
Pwojè a pral:
-
Fòme jèn ki pare pou defann dwa moun ak dwa pou vote nan kominote yo.
-
Ankouraje yo pou yo patisipe nan klèb jèn, asosyasyon oswa aktivite kominotè pou amelyore lavi kote yo ye a.
-
Fè jèn yo vin modèl pozitif pou lòt jèn, pou yo ankouraje onètete, respè, diyite ak travay kolektif.
-
Kreye yon jenerasyon ki pare pou fè Ayiti avanse ak respè dwa ak jistis.
Pwojè a ap pèmèt jèn yo:
✅ Aprann konnen dwa yo.
✅ Fè tande vwa yo.
✅ Angaje pou konstwi yon Ayiti miyò.
✅ Santi yo itil ak enpòtan pou lavni peyi yo.
Patnè ki akonpanye pwojè a

