top of page

2019

Mobilizasyon

Edikasyon

Sansibilizasyon

Janvye 2019

Nou Pap Dòmi pataje yon soup solidarite devan Koudèkont jou ki te premye janvye a epi òganize Petwo Refleksyon, yon konferans-deba sou Endepandans Ayiti. Se te yon mesaj klè mouvman kont koripsyon ak enpinite a kwè nan solidarite, yon fason tou pou te anonse 2019 lan t ap yon lane pou nou mete men ansanm pou nou batay pou chanje sistèm lan.

Fevriye 2019

• 7 fevriye se te yon jounen mobilizasyon jeneral kote gwo manifestasyon pran lari toupatou nan peyi a.

 

• 13 fevriye, nan sousi pou konstwi yon altènatif patisipatif, apre mobilizasyon 7 fevriye yo ki te mennen nan plizyè jou peyi lòk, Nou Pap Dòmi  te envite tout Ayisyen ranpli yon sondaj sou entènèt pou bay dizon yo sou avni peyi a. 

• 15 fevriye, Nou Pap Dòmi te envite divès aktè siyen yon pak angajman solanèl pou lonè ak diyite peyi Dayiti. Pak sa a te di :

  • Pwosè Petrocaribe a pa negosyab

  • Kriz la dwe rezoud ak ayisyen, ant ayisyen pou Ayiti

  • Zam fann fwa pa sipoze itilize pou detwi lavi ak byen moun

 

 

Avril 2019

26 avril, Nou Pap Dòmi te òganize yon sit-in devan Koudèkont pou mande rès rapò Petrocaribe a.

 

 

Jen 2019

• Randevou te kase dimanch 9 jen, nan Kafou Rezistans, pou yon gwo mobilizasyon jeneral apre Koudèkont te bay dezyèm rapò Petrocaribe a. Yon mesaj a la nasyon te anrejistre epi pase sou tout rezo pou mande demisyon prezidan Jovenel Moise e pou mande tout popilasyon an mobilize pou jwenn Pwosè Petrocaribe a. 

 

• 9 jen, Nou Pap Dòmi adrese yon lèt ak kopi 2 rapò Petrocaribe yo bay divès òganizasyon ak anbasad yo. Nan lèt sa a nou enfòme yo nou pa rekonèt lejitimite Jovenel Moise kòm prezidan peyi a pou enplikasyon li nan eskandal koripsyon nan dosye Petrocaribe a. 

• 13 ak 14 jen, Nou Pap Dòmi te mobilize pandan 2 jou pou fè 7 tou palè nasyonal pou mande demisyon Jovenel Moise e mande l mete l disponib pou lajistis.

 

• 16 jen, Nou Pap Dòmi te reyalize premye live li sou tout platfòm rezo sosyal pou pale sou plizyè kesyon sou gwoup la, sou travay li, sou pozisyon li e sou pèspektiv li. 

 

 

Jiyè 2019

• 1e jiyè, lansman dokiman konplè egzijans Nou Pap Dòmi pou yon tranzisyon k ap koupe fache ak tout move pratik e pou n jwenn pwosè Petrocaribe a. Nou Pap Dòmi te pwopoze yon tranzisyon 4R ki gen ladann yon gouvènman kap fè ripti ak tout pratik (diskou plis aksyon) politik ak ekonomik antipopilè rejim pase yo; mennen redrèsman enstitisyon piblik yo, redinamize ekonomi peyi a, epi mete rigè nan jesyon ak depans Leta.

 

• 23 jiyè, sou envitasyon kèk òganizasyon nan sosyete sivil peyi Etazini, Nou Pap Dòmi te ale Washington DC pou diskite sou enpòtans wòl sosyete sivil jwe nan pwomouvwa bon gouvènans, pwoteje dwa moun e batay kont koripsyon ak enpinite.  Mesaj nou yo te klè. Pwosè petrocaribe a pa negosyab sou okenn fòm, Jovenel dwe demisyone e mete tèt li disponib pou la jistis.  Nou te mande jistis, reparasyon ak akonpayman pou Lasalin e pou tout fòm represyon sispann. 

 

• 28 jiyè, reprezantan Nou Pap Dòmi te nan MIT nan Boston, sou envitasyon yon gwoup nan diaspora a pou pale de Tranzisyon 4R lan.

 

• 29 jiyè, reprezantan Nou Pap Dòmi te nan vil Paris, sou envitasyon yon group nan diaspora a k ap batay pou pwosè petrocaribe a e pou pale de Tranzisyon 4R lan.

 

Dawout 2019

• 14 dawout, Nou Pap Dòmi òganize yon jounen mobilizasyon devan palè nasyonal pou make yon lane mouvman petrocaribe a.

 

Oktòb 2019

• 17 oktòb, Nou Pap Dòmi patisipe nan mobilizasyon jeneral ki fèt nan tout peyi a.

 

• 24 oktòb, Nou Pap Dòmi adrese yon lèt tou louvri pou Koudèkont pou mande rès 25% rapò petro caribe a

 

 

Novanm 2019

• 13 novanm, Nou Pap Dòmi patisipe anndan Lasalin nan aktivite yon lane komemorasyon viktim masak Lasalin yo bò kote fanmi viktim yo, zanmi y oak vwazen yo. Yon mannyè pou make respè epi kontinye ekzije jistis pou tout moun ki disparèt, yon zak pou denonse represyon kap fèt sou popilasyon an. 

• 25 novanm, Nou Pap Dòmi mande prezidan ak konseye Koudèkont yo yon rankont fòmèl. 

 

Desanm 2019

• 9 desanm, Nou Pap Domi envite tout sitwayen siyen yon enjonksyon sitwayen sou entènèt sou fòm yon petisyon. Enjonksyon sitwayen se yon lòd nou menm sitwayen nou bay enstitisyon yo, san nou pa pase pa reprezantan n yo nan leta, pou yo aji kont koripsyon k ap depafini peyi nou. Presyon sou otorite yo enpòtan, menm jan li enpòtan pou n konprann kisa ki anpèche travay la fèt kòmsadwa.

• 10 desanm, patisipasyon Nou Pap Domi nan lodyans kongrè ameriken sou sitiyasyon malouk Ayiti twouve l jounen jodi an. 

• 10 desanm, Nou Pap Dòmi rankontre Prezidan ak konseye Koudèkont yo paske nou te jije li enpòtan pou n chèche konprann poukisa travay rapò petrocaribe a ap fèt pa ti bout, poukisa rès rapò a poko ka bay, kilè l ap bay, poukisa arè debè yo pa bay. Presyon sou otorite yo enpòtan, menm jan li enpòtan pou n konprann kisa ki anpèche travay la fèt kòmsadwa.

bottom of page