top of page

Ti koze sou Nou Pap Dòmi 

Gwoup ki rele Nou Pap Dòmi an defini tèt li kòm yon Rasanbleman Ayisyen Angaje k ap batay pou tabli yon Leta k ap sèvi popilasyon an. Nou se yon kolektif sitwayen k ap marande aksyon yo ak reyalite chak jou ki jou nan peyi a, nou vle fè òganizasyon an tounen yon zouti politik k ap fè politik yon lòt mannyè nan peyi a, pou peyi a. Nou Pap Dòmi se yon estrikti ki dwe pèmèt sitwayen yo konn dwa yo ak devwa yo pou yon patisipasyon reyèl ak angaje nan lavi politik, kiltirèl ak ekonomik nan peyi a.

Nou Pap Dòmi se vwa tout moun nan sosyete a ki deside soti nan silans li pou pasivite l pa disparèt li. Se yon gwoup moun ki di tèt yo, twòp moun konpetan, onèt, serye, angaje ap kouri kite peyi a pou vagabon, enkonpetan ak pouryanis. Se yon inisyativ ki pran rasin nan petwotchalenj lan kote gen yon kategori moun ki anvan sa te pè epi neglije fè politik, ki vin rann yo kont lòt moun move entansyon pran politik la pou kraze lavi nou ak avni nou; kraze peyi nou, fè nou pòv epi pouse do n. Se yon leve boukliye kont degradasyon global kad lavi a nan peyi a. Sa vle di se yon rèl pou mete kanpe politik ki konsidere Ayiti ap viv ak yon seri aleya anviwònmantal ki mande n konsidere yo : siklòn, seyis ak yon relyèf 60% teritwa fèt ak pant ki plis pase 40 degre.

Nou Pap Dòmi se youn nan ra estrikti òganize mouvman petrochalennj lan rive mete kanpe. Gen anpil moun ki kwè jenerasyon jenn sa yo ki rive ekspoze vrè figi sistèm lan mete sou do yo yon gwo responsabilite. Gen anpil moun ki swa nan Nou Pap Dòmi, swa ki se senpatizan, oubyen ki pa nan Nou Pap Dòmi ki pare pou leve defi jenerasyon yo a menm jan yon bann moun anvan yo te tante fè sa. Se pou sa nou menm ki fè pati kolektif sila, vle pou Nou Pap Dòmi se yon repons ak echèk politik syèk pase yo. Politik ki pa rive rezoud pwoblèm viv ansanm nan, ni materialize pwojè Bwa Kayiman ak 1804.

Nou Pap Dòmi se yon vijilans sitwayen pou di non e non nou pa dwe janm gen dirijan kowonpi, enkonpetan ak sanginè nan tèt peyi nou. Nou Pap Dòmi se yon inisyativ ki vle fè yon bagay nèf, enklizifif, pwogresis epi entèlijan pou ranmase konesans, valè pèp la ak tout lòt konesans limanite pwodui pou kondui desten nou sou wout pwogrè ak byennèt lib la. 

bottom of page