top of page

Sitwayen Pa Dòmi

Aktivite yo

Illustration_Aktivite_SPD.jpg

Pwojè sa a prevwa yon seri aktivite konkrè pandan 2 zan (2024-2026) pou sansibilize, fòme epi angaje jèn yo nan batay kont koripsyon ak nan patisipasyon demokratik atravè dwa pou vote ak edikasyon sivik.

​​

Sensibilizasyon kont koripsyon ak enpinite pou jèn 15-18 yo​

Devlope zouti ak metòd sansibilizasyon

  • Kreye fich pedagojik, videyo, materyèl vizyèl ak odyo pou fasilite aprantisaj jèn yo sou sa ki koripsyon ak enpinite.

  • Tradui materyèl yo an kreyòl pou aksesibilite.

​

Kreye rezo difizyon ak patnè lokal

  • Etabli patenarya ak lekòl, sant edikatif, klèb jèn ak òganizasyon lokal nan depatman Lwès ak Sant.

​

Fè 50 atelye sansibilizasyon

  • Animatè kominotè yo ap fè atelye sa yo nan lekòl ak klèb jèn yo pou eksplike kijan koripsyon ak enpinite afekte lavi yo chak jou ak dwa yo.

​

Konkou atistik ak deba

  • Òganize konkou atistik anyèl ak deba piblik kote jèn yo ap ka eksprime sa yo aprann sou batay kont koripsyon ak fason pou amelyore sosyete a.

​

Fòmasyon sou pwosesis elektoral ak dwa pou vote pou jèn 18-24 lane

Kreye ak difize zouti edikatif sou dwa pou vote

  • Prepare liv gid, fich pedagojik ak videyo ki eksplike etap pwosesis elektoral, enpòtans eleksyon ak kijan pou itilize dwa pou vote.

​

Atelye fòmasyon sou dwa pou vote

  • Fè 50 atelye nan inivèsite, sant fòmasyon ak klèb jèn yo pou diskite sou eleksyon, kijan pou prepare pou vote, epi ki dwa ak devwa ki asosye ak vote.

​

Deba ak konkou atistik sou pwosesis elektoral

  • Òganize konkou atistik ak deba pou pouse jèn yo reflechi sou patisipasyon yo nan eleksyon ak enpòtans vwa yo nan chanjman peyi a.

​

Kanpay sansibilizasyon dijital ak radyo pou 15-24 lane

Kreye kontni odyovizyèl

  • Pwodui videyo kout, podcast, afich ak mesaj an kreyòl ki atiran pou jèn yo sou rezo sosyal ak radyo kominotè.

 

Difize kontni yo sou platfòm dijital ak radyo

  • Poste kontni chak semèn pou atenn plis pase 10,000 jèn, ankouraje diskisyon ak patisipasyon aktif.

​

Kreye ak aplike estrateji kanpay

  • Fè planifikasyon kanpay sou rezo sosyal (Facebook, TikTok, Instagram) ak radyo pou ogmante atenn ak angajman.

 
Fòmasyon ak mobilizasyon animatè kominotè
  • Fòme 24 animatè kominotè pou kondi atelye yo avèk metodoloji aktif.

  • Travay ak patnè Òganizasyon Nègès Mawon pou asire enklizyon jèn fi yo ak jèn ki souvan neglije.

​

Entegrasyon materyèl yo nan sistèm edikatif la
  • Travay ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak lekòl pou entegre kontni pwojè a nan kourikoulòm “Edikasyon Sitwayèn”.

  • Mete materyèl yo sou sit entènèt pou pwofesè ak jèn yo itilize menm apre pwojè a fini.

 
Swivi, Evalyasyon ak Kapitalizasyon
  • Fè swivi regilye pou mezire patisipasyon ak enpak pwojè a sou konpòtman ak angajman jèn yo.

  • Ranmase temwayaj, istwa siksè ak foto/videyo pou montre rezilta pwojè

  • Prepare rapò pou patnè ak kominote a.

Benefis pou jèn yo:

✅ Konprann kijan pou idantifye koripsyon ak enpinite.
✅ Konnen dwa pou vote yo ak kijan pou patisipe nan eleksyon yo.
✅ Fè vwa yo tande atravè atizay, deba ak medya sosyal.
✅ Angaje yo pou chanje kominote yo ak peyi a.

Patnè ki akonpanye pwojè a

03.webp
Logo_FNUD.jpg
  • Facebook
  • Instagram
  • TikTok
  • X
  • Les fils
  • Youtube
  • Soundcloud
  • LinkedIn
  • Chèn Whatsapp

© 2018 - 2026, Nou Pap Dòmi

bottom of page