top of page

Sitwayen pa dòmi

Pwomosyon Patisipasyon Jèn yo
atravè Edikasyon Sivik ak Angajman an Ayiti

Illustration_About_SPD.jpg

Ayiti ap travèse yon kriz politik ak enstitisyonèl ki lakoz anpil jèn santi yo dekonekte ak lavi sitwayèn ak demokrasi nan peyi a. Anpil nan yo poko janm patisipe nan eleksyon epi yo pa konn kijan pou yo angaje yo pou chanje lavi yo ak kominote yo.

Se nan sans sa, Nou Pap Dòmi, an kolaborasyon ak Òganizasyon Nègès Mawon ak ak sipò FNUD, lanse pwojè sa a pou ankouraje jèn 15-24 lane patisipe nan lavi demokratik peyi a atravè edikasyon sivik, sansibilizasyon kont koripsyon ak fòmasyon sou dwa pou vote.

Kisa pwojè a ap fè?

Sansibilize jèn yo kont koripsyon ak enpinite

  • Fè 50 atilye fòmasyon nan lekòl, inivèsite ak klèb jèn yo pou ede yo konprann kijan koripsyon afekte lavi yo.

  • Òganize konkou atistik ak deba piblik pou pèmèt yo eksprime vwa yo kont koripsyon ak enpinite.

Fòme jèn yo sou pwosesis elektoral ak dwa pou vote

  • Bay jèn yo zouti pou yo konprann kijan pou yo patisipe nan eleksyon yo ak kijan pou yo defann dwa yo.

  • Fè atilye ak deba pou ankouraje patisipasyon aktif ak konsyan nan eleksyon.

Lanse kanpay sansibilizasyon dijital

  • Kreye videyo, podcast, afich ak kontni pou pataje sou rezo sosyal ak radyo kominotè pou atenn plis jèn, espesyalman 15-24 lane.

  • Abòde sijè tankou enpòtans edikasyon, sante, travay ak dwa pou vote.

Travay ak lekòl ak MENFP

  • Materyèl ki prepare nan pwojè a ap mete disponib sou entènèt ak nan lekòl pou pwofesè itilize nan klas yo menm apre pwojè a fini.

Asire patisipasyon jèn fi yo ak enklizyon tout jèn

  • An kolaborasyon ak Nègès Mawon, pwojè a pral ankouraje jèn fi yo patisipe ak pran lapawòl nan lavi politik ak demokratik.

  • Atelye yo ap adapte pou akeyi jèn ki nan sitiyasyon andikap ak jèn ki soti nan tout klas sosyal.

Ki rezilta nou vize ak pwojè a?

🔹 Ogmante konpreyansyon jèn yo sou koripsyon ak enpinite epi ankouraje yo rejte pratik sa yo.
🔹 Ogmante patisipasyon jèn yo nan eleksyon yo ak nan lavi demokratik peyi a.
🔹 Kreye yon rezo jèn angaje ki ka enfliyanse chanjman pozitif nan kominote yo ak nan sosyete a.

Poukisa sa enpòtan?

Nou kwè jèn yo kapab pote chanjman si yo jwenn zouti ak kouraj pou patisipe. Avèk pwojè sa a, nou vle ede jèn yo konprann dwa yo, pale kont enjistis, ak patisipe nan konstriksyon yon Ayiti ki pi jis ak plis demokratik.

Ou vle patisipe?
  • Swiv Nou Pap Dòmi sou rezo sosyal pou rete enfòme.

  • Enskri pou patisipe nan atilye, deba ak konkou atistik.

  • Vini angaje w pou konstwi yon Ayiti kote vwa jèn yo konte.

Kontakte nou pou plis detay:

📞 +509 4700-7252
📧 kontak@noupapdomi.org
🌐 Facebook Nou Pap Dòmi

Patnè ki akonpanye pwojè a

Sans titre.png
Logo_FNUD.jpg
  • Facebook
  • Instagram
  • TikTok
  • X
  • Les fils
  • Youtube
  • Soundcloud
  • LinkedIn
  • Chèn Whatsapp

© 2018 - 2026, Nou Pap Dòmi

bottom of page