top of page

Editoryal| Ane 2023 a ap yon lòt ane batay

Se konsa lane 2022 a lage pye li ! San siksè, ak anpil lapenn epi doulè. Se yon lòt lane pèdi. Yon veritab debandad.


Yon pakèt vi gaspiye ! Yon pakèt envestisman pèdi nan foli fè lajan, nan fè eksè, nan enkonsyans ak foli pouvwa epi egoyis ak safte swadizan otorite peyi a yo.


Tout sa gen pou konsekans yon peyi k ap peri anba yon kriz politik k ap vin pi grav chak jou pi plis. Sitiyasyon ekonomik lan rive nan yon pwen kote gen yon enflasyon ki rive nan 47% ki vle di sitiyasyon povrete ak enjistis sosyal ki gen nan sosyete a ap vin pi grav. Ensekirite a tounen yon pwa senkant sou lavi popilasyon an, vyolans gang yo ak kidnapin nan pote lavi ak byen fanmi yo ale. Tout sa yo ajoute kòm diplis sou kondisyon lagraba sitwayen yo te deja ap viv anba yon gwoup eskwo ak kriminèl ki kouvri kò yo anba vès politik.



Malgre kawo sa ki enstale nan peyi a, malgre atak popilasyon an ap pran tout kote, gen yon franj nan sosyete a ki rete doubout epi pare pou reziste. Gen òganizasyon oubyen regwoupman òganizasyon ki pa decide bat ba ni bese lebra. Noupapdòmi fè pati òganizasyon sa yo ki kwè batay kont koripsyon, kont enpinite pou jistis sosyal la dwe kontinye. N ap kontinye malgre kout ba, trayizon ak enkonpreyansyon zòt.


Nan sans sa a ane 2023 a anonse yon ane batay fas ak gwo defi sa yo ki gen devan nasyon an : yon popilasyon k ap vin pi pòv chak jou, vyolans tout kalte ; gang k ap fè lalwa nan divès katye nan divès kwen nan peyi a anba sitirans swadizan otorite yo ; enplikasyon «elit» politik ak ekonomik ki pa sèlman kontante yo abandone popilasyon an nan kras ak malsite, men ki ale jis nan melanje tèt yo oswa òganize gwoup asasen ak piyajè pou fè egzaksyon ekonomik ak politik sou peyi a. Men, sa pap dekouraje nou, atitid antinasyonal sa a tounen gaz nan motè machin konviksyon ak detèminasyon nou pou konstwi yon lòt Ayiti.

Se pou enstans entènasyonal ak peyi yo kontinye frape kòmanditè ak patwon gang kriminèl k ap simen dèy toupatou nan peyi a e se pou sa ki rete de lajistis nan peyi a sekwe kò li pou ranmase sanksyon yo epi mennen yo ale pi lwen.

Nan batay sa a popilasyon an dwe konte sou pwòp fòs li. Eksperyans montre nou Ayiti pa ka konte sou letranje, ki plis sou okipe peyi a olye sipòte li nan rezoud pwoblèm yo. Sa dwe klè pou nou ; sa elit politik ak ekonomik la pwopoze peyi a pa solisyon an. Solisyon an chita nan kapasite sosyete a dwe bay tèt li pou l fini ak vyolans sa a ki enstale nan peyi a ak tout moun ki òganize li oswa pwofite de li. Li chita tou nan bon jan ranfòsman enstitisyonèl, tankou bon jan remanbreman fòs lòd yo, sistèm sekirite peyi a ; pò, ayopò ak ladwàn epi remanbre sistèm jistis peyi a.


Nan sans sa a sanksyon ki pran kont yon seri moun nan sektè politik ak ekononomik lan se yon aksyon nou ankouraje epi swete l pa kanpe nan wout. Se pou enstans entènasyonal ak peyi yo kontinye frape kòmanditè ak patwon gang kriminèl k ap simen dèy toupatou nan peyi a e se pou sa ki rete de lajistis nan peyi a sekwe kò li pou ranmase sanksyon yo epi mennen yo ale pi lwen. Nòmalman, krim sa yo ki komèt kont pèp ayisyen an pa konsène Ayiti sèlman, men plizyè lòt peyi. Moun ki komèt zak yo itilize feblès enstitisyonèl peyi a pou transfòme li an yon platfòm pou destabilize demonkrasi nan tout rejyon an.


Eksperyans dènye ane sa yo moutre nou tou, akò ant ti zanmi pap mennen peyi a okenn kote, y ap jis sèvi pou kenbe peyi a nan vyolans ak malsite dirijan politik ak elit ekonomik la kenbe l depi digdantan. Kidonk sa pouvwa an plas la ak oligak k ap kache pou sanksyon yo ofri nou kòm akò a pa konsène okenn patriyòt e li pa pral pi lwen pase premye a (akò 11 septanm). Solisyon kriz ki devan nou la a chita nan yon dyalòg lib, sensè ant fòs òganize peyi a.




20 dènye ane sa yo moutre nou klèman popilasyon an pa pran nan pyèj eleksyon bout mamit la ankò. Eleksyon kole pyese, san aval fòs viv peyi a bay yon seri dirijan payas san okenn lejitimite pou mete peyi a sou wout pwogrè nan mennen bon jan refòm sosyete a pa sispann mande. Noupapdòmi pap danse kole ak okenn eleksyon/seleksyon. Peyi a ap jwenn wout stabilite lè eleksyon yo serye, transparan e lè pwosesis la enspire aktè politik yo, sosyete sivil la ak tout pèp ayisyen an konfyans.


Eksperyans ak konsiderasyon sa yo moutre a klè defi k ap tann sosyete a pou ane 2023 yo pa piti. Batay kont vyolans, ensekirite sou tout fòm, koripsyon ak enpinite dwe priyorite nou. Dwe gen negosyasyon serye ak sensè ant pitit peyi a pou tabli tranzisyon ripti peyi a ap mande a. Se pi bon fason pou finalman nou jete baz solid pou peyi a ale nan eleksyon kote pèp la patisipe an mas pou chwazi dirijan lejitim, serye, konpetan k ap kapab rekonstwi peyi a epi mete nasyon an kanpe drèt ak tout diyite li. Se konsa n ap kanpe enstitisyon repibliken yo pou peyi a pran wout pwogrè epi atenn obbjektif istorik li yo.


Ane sa a pap gen kanpe e batay la anonse l ap rèd anpil. Se pwogresis, patriyòt yo ki pou ranmase batay sa a.


Kanmenm nou di tout konpatriyòt yo bon lane 2023 ! Batay la ap kontinye !




3 views0 comments
bottom of page