Koripsyon touye moun tou 12 janvye
Tranblemanntè pa yon fatalite. Se pare pou w pare! Ti fraz sa pou kont li rezime sa nou ta dwe kenbe sou katastwòf 12 janvye a . Se pa t yon fatalite ! Se pa paske peyi a te modi ki fè tout moun sa yo te mouri ! Se pa t inevitab pou tout moun sa yo te mouri ! Evenman natirèl tankou tranblemanntè pa oblije tounen yon katastwòf tèrib si l jwenn popilasyon an pare. Malerezman 10 lane de sa nou pa t pare. Malerezman 10 lane apre nou toujou pa ko pare. Yonn nan pil rezon ki lakòz nou pa ko pare yo se paske koripsyon retire je dirijan nou yo sou vrè ijans peyi a. Koripsyon retire lajan nan pwojè ki pou bann mwayen fè fas kare ak kolè lanati, men resous sa yo al nan pòch dirijan ki pa wè pi lwen ke pwent nen yo alewè pou yo ta wè malè pandye.
Nicholas Ambraseys ak Roger Bilham se de (2) chèchè ki montre pi fò ka lanmò ki rive akòz kay kraze apre tranblemanntè, rive nan peyi ki gen yon nivo koripsyon anòmal. Nan peyi Dayiti majorite kay yo bati san yon pèmi pou konstwi, yo pa respekte kòd konstriksyon e sa pa di leta anyen. Leta pa itilize pouvwa li genyen pou fòse sitwayen yo pwoteje tèt yo ak lavi lòt moun. Grannèg kou malere fè sa yo vle, se sa ki fè menm otèl liksye tonbe tankou ti kay malere 12 janvye 2010 paske yo pa t konstwi selon nòm yo. Koripsyon ak povrete lakoz kondisyon pou bati, pou prevwa gwo dega tranblemanntè ka koze yo, pa respekte. Yon ti tan anvan tranblemanntè a nan lane 2009 Ayiti te nan 15 peyi ki gen plis koripsyon nan mond lan.
Leta pou kont pa li, pa te veye ki kote l ap enstale l. Kontra pou biwo ministè toujou gen bri koripsyon sou yo, kay yo lwe menm si yo pa respekte nòm yo, sa ki te lakòz anpil fonksyonè leta mouri nan kad travay yo, nan espas travay yo, nan bwat leta. Endistri konstriksyon se yonn nan endistri ki gen plis koripsyon nan mond lan. Apre 12 janvye, gagòt lajan Petrocaribe a te komanse nan koze konstriksyon e anpil depans ki fèt apre yo fèt nan konstriksyon. Se pa sèlman paske peyi a te bezwen rekonstwi chwa sa a te fèt, se sitou paske se kote lajan ka gagòte fasil, batiman ka konstwi ak materyèl ki pa solid, kay ka bati nenpòt kijan pou fè moun dòmi. Men nou pa dwe dòmi sou gwo koze sa yo ! Ayiti ak Iran se egzanp peyi kote tranblemanntè te fè dega egzajere pandan nivo koripsyon an te egzajere tou. Se vre gen anpil lòt eleman ki agrave konsekans tranblemandtè 12 janvye a, tankou kote l pase nan peyi a ki te gen anpil moun, elatriye men nou pa ka neglije enpak koripsyon an. Si malè sa te pase nan moman plis moun te nan kay yo oubyen nan biwo nou te ka pa ko janm finn konte kadav toujou. Pwoblèm lan klè !
12 janvye 2020, 10 lane apre nou pèdi tout fanm ak gason sa yo nou pa dwe kite koripsyon kontinye manje pitit peyi a. Nou dwe pare ! Nou dwe pare tann tout sa lanati ta vle lonje bannou ak kouraj, entèlijans, ak resous. Rezilyans lan te toujou la, li ap toujou la, se diyite nou pou nou pa kite okenn katastwòf pote ale. Dwa nou pou nou viv tankou moun nan byennèt, tankou moun tè sa pa p janm kraze ni fele. N ap kontinye salye memwa tout frè ak sè nou yo ki tonbe, pandan n ap travay pou sa pa janm repete ankò.